2 ti mo ak manager Tribute la

  • Clevens Michel
  • Rap News
parlons musique support te avek Manager tribute la

parlons musique support te avek Manager tribute la

Anpil tan nap tande pale de yon mizik ki rele voye woch pa gen anpil moun ki sanse ta konnen ki gwoup ki fe mizik sa e poukisa yon teks konsa pandan ke tout moun kap viv an ayiti konn kisa mo sa ramne moun a panse, depi w tande voye pral gen tet kase ye nou te gen chans jwenn ak manager gwoup ki fe mizik sa li te pale yon ti kras de mizik e de gwoup la li pat ezite non plis fe ti djole li pou gwoup li a 

Bonswa Audlin Jean Isaac ou di mwens Block Sound se kouman w ye?

Bock sound: nou anfom nou anfom e w menm CS

Ak bondye nou la. mesi deske w aksepte pale  avek nou.

avanm ale pilwen pale nou de ou ki a lafwa DJ e manager e anko plis yn etidyan an inivesite

koman eksperyans e koman w jere pil paket wol sa yo

Block Ssound: franchman CS bagay yo pa fasil men ou konnen se lanmou nou gen pou ak sa nap fe a nou pap ka kanpe menm le pafwa nou ka fe yon ralanti nan men sa pa vle di ke nap kanpe pou sa, men nou jere tout bagay nan fason ki yerachize si permet mwen di l konsa.

Ok si posib pale nou de gwoup sa ke ap manage la e ke se ou anko ki DJ pesonel li a, kouman gwoup la rele e poukisa tit sa voye woch?

Block sound: gwoup la la nap jwe pye ak pou n we si n ta ka mete l nan lari jan l ta dwe ye pou byen di w se konsa menm pou m ta titre mizik la paske nou se desandan neg ki te bat lafrans yo ak woch, pikwa, wou sepet eksetera alos nou pa ka pale de zam pou n fe spot pou sa n pa fe lakay nou e se meye zam nou genye pou n konbat men voye woch la tou pa selman pou kraze vit machin moun tankou anpil lot moun konn fe l tou sa pou m di w ke pwopo nou yo tou se gwo boulet woch yo ye, si rap ameriken gen punch nou gen woch lol (yon ri de jwa) gwoup la rele TRIBUTE

We m dako men kom nou ou ap jwe la nou pa vle kenbe w twop alos san pran tan ba nou non de nan atis ki nan gwoup la ki nan tet ou la

San pran tan Block sound di nou 2FAS ak Pale. nou pwomet nan jou kap vini yo atis la ap nan Show Parlons Musique Show a ki toujou fet sou Radio Arcadins FM nan sou 100.3 a 1hr - 3hr Chak Mardi, Jeudi ak Samedi an

 

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Parlons Musique Support là où l'on promote vos musiques comme vous le souhaitez -  Hébergé par Overblog