Nouvo track "REVOLISYON" TRIBUTE

Revolisyon

Revolisyon

Sa pa fe plis ke 8 mwa depi Parlons Musique Show te pemet nou jwenn chans pale ak manager gwoup sa ki se TRIBUTE e se te pou nou yon sipriz le nou te we jan ke manager a familyarize l ak atis li yo pou jan lap dekri nou yo ak pwop mo pa'l e jan'l pran san'l pou pale de yo, bien sure se petet paske apa ke li se manager gwoup la, nou pa ka bliye ke li se DJ yo tou.

Yeswa se te ak ke kontan ke nou te rejwenn ak manager a malgre se pat sou plato nou ni ak vizaj animate nou te avek li men ak vizaj yon senp zanmi men sa pat anpeche manager a reponn a kek kesyon nou e mete nou au parfum sou plan ak pwoje atis yo san mete de kote manager a, manager a tap esplike nou sou koman Tribute vle revolisyne mouvman ke Master G te ba nou an nan fason pa yo, li te tou pwofite anonse nou yon nouvo track ki pral soti la ki rele Revolisyon li te tou di nou ke sou track sa ap gen yon vwa anplis yon nouvo talan ke yo dekouvri e li te di nou ke track sa le'l fin soti yap tou mete'l sou Dynastyhaiti ak Soundcloud pou moun ki vle l ka genyen'l, yon mizik ke li pwomet nou kap edikatif li pap ni gen zokoko e ni'l pap revise le'l bay koudeta, si'n reprann mo manager a.

 

Rédigé par: CEO MICHEL Clevens 

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Parlons Musique Support là où l'on promote vos musiques comme vous le souhaitez -  Hébergé par Overblog